


Kremas nou an fèt ak lanmou + engredyan orijinal, kalite siperyè. Santi richès kilti Ayiti nan chak goute.

Melanj pafè lèt kondanse ak lèt evapore bay bwason nou an yon gou krèm delisye ou p ap janm bliye.

Kremas Kokoye yan se koupe dwèt, men w ap jwenn lòt savè tankou Jenjanm, Grenadia, Chokola k ap satisfè w tou.
Sa fè plis pase 15 lane depi mwen kite Ayiti, men gou lakay toujou rete nan kè mwen.
Se nostalji sa ki pouse m kreye Dadou Goute Kreyòl pou ede Ayisyen k ap viv aletranje reviv yon ti moso lakay.
Pou mwen, Kremas Dadou Goute Kreyòl pa sèlman yon bwason. Chak goute fèt pou fè w sonje fèt, fanmi, zanmi ak bèl moman Ayiti.
Mwen prepare l ak anpil swen, ak engredyan natirèl, pou m pote gou ak chalè lakay pi pre w. Eseye l jodi a, epi reviv yon ti moso Ayiti nan chak goute.



3 ti boutèy Kremas Dadou Goute Kreyòl - Ou peye livrezon an sèlman.
© Copyright 2026 | Dadou Goute Kreyòl ™ | Terms & Conditions | Privacy Policy